Obligasyon pou Antre Lekòl

Obligasyon Pre-K K 1st Transfè Lòt
Eta yo
Pou
Premye
Fwa
Transfè Lòt
Eta yo
Pa premye
Fwa
Transfè Lòt
Zòn Men Ki
Nan Menm
Eta
Transfè
Prive ou
Piblik Nan
Menm Zòn
1. Sètifika Legal dat nesans ki montre non paran yo ou prèv laj akseptab anba Lwa Florid (Gade #1 piba-a) X X X X X X
2. Egzamen Fizik konplè nan 12 dènye mwa yo pou enskripsyon antre klas Jaden Danfan (K) ou Nnivo 1 nan Lekol Florid yo (Gade #2 piba-a) X X X *Gade #2 *Gade #2 *Gade #2
3. Sètifika Vaksen Florid (fom DH 680) (gade #3 piba-a) X X X X X X X
4. De Prèv adrès/rezidans (Gade #4 piba-a) X X X X X X X
5. Fòm retrè e transfè dènye lekòl etidyanan te frekante ya (gade #5 piba-a) X
6. Dwe gen 5 an nan dat ou anvan premye Septanm nan ane eskolè ya. Pa gen admisyon prematire. X
7.  Pitit la dwe gen 6 zan nan dat ou anvan premye Septanm ane lekòl la. Etidyan-an konplete Nivo Jaden Danfan (K). Yo ka
aksepte etidyan-an nenpòt moman diran lane eskolè ya.
X

1. EVIDANS DAT NESANS OBLIGATWA

Si premye evidans yo mande ya pa disponib, lòt evidans nou ka aksepte kapab youn nan lis selon lòd piba-a.

(1) Yon kopi ki bay dat nesans ki anrejistre legalman;
(2) Yon sètifika batèm ki montre dat nesans e plas kote batèm nan te fèt ke paran yo siyen;
(3) Yon kontra Asirans vi nan non pitit la (ki siyen depi omwen 2 zan);
(4) Yon Dosye Bib familyal kote dat nesans pitit la anrejistre ki akonpaye yon afidavit/sèman paran yo te fè;
(5) Yon Paspò ou yon sètifika antre nan Eta Zini ki montre dat nesans pitit la;
(6) Yon dosye kote dat nesans la anrejistre nan dosye lekòl (omwen 4 an anvan aplikasyon-an);
(7) Si okenn nan evidans sa yo pa ka founi, yon affidavit/sèman laj la ke paran-an fè, akonpaye avèk yon sètifika laj ke yon ofisye sante piblik siyen ou yon doktè lekòl piblik, ou, nenpòt nan sa yo ki disponib nan zòn arondisman-an, yon doktè pratikan ke Biwo lekòl la deziye kapab delivre yon sètifika ki di ofisye sante ya ou doktè ya te ekzamine pitit la e kwè ke laj ki figire nan affidavit la korèk.

2. EKZAMEN MEDIKAL YO

Ekzamen yo obligatwa sèlman pou premye antre nan yon lekòl Florid, sof si premye antre ya se te pou Pre-K, ou yo pa ka founi kopi dosye papye ekzamen yan. Ekzamen medikal konplete an deyò zòn arondisman-an ou Eta-a yo akseptab. Yon fòm ekzamen, ki kontni rezilta evalyasyon fizik ak tout siyati medsen-an ekzijib. Si gen dout sou dokiman-an, tanpri kontakte enfimyè lekòl la. Kopi papye ekzamen yan dwe soti dirèkteman nan dènye lekòl frekante ya. Si yo pa voye li ansanm ak dosye lekòl yo, fòk ou fè yon lòt ekzamen medikal.

3. VAKSEN YO

Ekzanpsyon Relijye kont vaksinasyon (fòm DH 681) dwe soti nan klinik Sante Piblik la. Transfè elektwonik dat vaksen yo ka sèvi; sepandan, tout dat vaksen yo dwe transfere. Yon notis ki sèlman di gen yon sètifika vaksinasyon pa akseptab. Etidyan kapab antre lekòl ak yon Ekzanpsyon Medikal Tanporè (fòm DH 680, Pati B), (DOE kod 2), depi dat ekspirasyon-an pa ekspire. Etidyan ki pa nan konfòmite avèk lwa vaksinasyon yo pa otorize pou frekante lekòl.

4. PREV ADRES/REZIDANS

DE prèv rezidans. Chak prèv DWE enkli non e adrès aktyèl. Bwat Lapòs, adrès bwat prive ou adrès komèsyal yo ensifizan.

  • Resi lwaye apatman ou kontra lwaye kay, dokiman acha kay, ou dosye taks pwopriyete.
  • Bil resan aktyèl (elektrik, gaz, dlo), kab, ou bil telefòn kay la
  • Aktyèl Dokiman rejistreman Vòt, kat Idantifikasyon Eta Florid
  • Prèv aktyèl benefis gouvènman yo (dezabilite, Medikè, kat manje, Korespondans yo ki soti nan Depatman Timoun e Fanmi) (DCF)
  • Aktyèl Lisans Kondwi Florid, rejistreman otomobil, asirans otomobil

5. RETRE E TRANSFE

Fòm Retrè e transfè dènye lekòl etidyan-an te frekante ya. Fòm nan dwe enkli non, adrès, nimewo telefòn e nimewo faks lekòl sa-a.

ETIDYAN KI LEKOL LAKAY YO

Tout etidyan ki lekòl lakay yo ki patisipe nan akademik lekòl piblik ou evénman atletik dwe mete yo nan konfòmite avék obligasyon antre lekòl Piblik Zòn Jeografik Pok la.

ETIDYAN KI AP VIV NAN SITIYASYON SAN ZABRI

Etidyan ki ap viv nan sitiyasyon san zabri se etidyan ki pa gen kay fiks, regilye, e rezidans adekwat pou domi leswa e sa enkli etidyan ki: (1) ap viv kay yon manm fanmi ou nan yon otèl lakoz bezwen ekonomik (2) ap viv nan yon lokal abri pwovizwa ou (3) ap viv nan lari. Etidyan sa yo kapab pa anmezi pou satisfè ekzijans antre lekòl pou kounye ya e yo dwe anwole e patisipe antyèman pandan yap tann pou jwenn dokiman yo. rele Ben Ruch nan nimewo 863-457-4709 ekstansyon 683 pou èd.

KOLEKSYON NIMEWO SEKIRITE SOSYAL YO

Dekrè Lwa Florid 1008.386 di, “Chak Biwo distri lekòl va ekzije ke chak etidyan anwole nan Lekòl piblik nan etaa founi nimewo sekirite sosyal li.” Nan konfòmite avèk lalwa, distri lekòl la sèvi ak enfòmasyon konfidansyel sekirite sosyal la pou yon seri rezon enpòtan tankou idantifikasyon korèk etidyan, pou relve nòt kolèj yo, e lòt pwogram eta e federal lejitim yo, ki enkli pou site kèk sa yo tankou pwogram manje kantin pri redwui ou gratis, pwogram depatman sante yo, Medkèd/Medikè, sipò èd lajan, e opòtinite èd finansye yo. Prezante bay lekòl la kat nimewo sosyal la ou yon kopi kat la. Anwolman ofisyèl yo satisfè demand sa-a. Pou pwoteje idantifikasyon etidyan-an, distri lekòl la pran gwo mezi adekwat apwopriye pou sekirize nimewo sekirite sosyal yo pou anpeche aksè ki pa otorize e ki illegal e pou yo pa rive tonbe nan men ou livre bay lot pati. Yon etidyan pa nan obligasyon pou founi nimewo sekirite sosyal li kòm yon kondisyon anwolman ou gradyasyon.

Obligasyon Vaksinasyon

X Siyifi Vaksen obligatwa yo pou chak nivo klas

*** Etidyan Pre-K yo dwe gentan kòmanse seri yo, e gen yon sètifika vaksinasyon resan.

Etidyan ki pa nan konfòmite avèk lwa vaksinasyon yo dwe ranvoye pou anpeche frekantasyon yo nan lekòl. (Vaksinasyon ki pran 4 jou anvan yon entèval minimòm ou laj la ka konte kòm valab.) Obligasyon vaksinasyon sa yo aplikab pou tout nouvo etidyan e etidyan ki retni.

Vaksinasyon Pre-K K 1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12
1.   MMR (yon vaksen) X
2. MMR (de vaksen) X X X X X X X X X X X X X
3. POLIO (3-5 doz) *** X X X X X X X X X X X X X
4. DTP/DTaP (5 vaksen) *** X X X X X X X X X X X X X
5. Tdap (yon vaksen) X X X X X X
6. Td or Tdap
7.Hepatitis B Series (3 piki) X X X X X X X X X X X X X X
8.Hib X
9.Varicella (yon vaksen ou prev siyen maladi ya) X
10. Varicella (de piki ou prev siyen malady ya) X X X X X X X X X X X X X

1. MMR (yon vaksen): La Woujol, Oreyon e Ribela dwe te pran nan dat ou anvan premye dat jou anivèsè nesans pitit la.

2. MMR (de vaksen): Entèval minimòm ant 2 dòz MMR yo se 28 jou.

3. POLIO (3-5 doz): Jaden Danfan (K): Tout etidyan Jaden Danfan bezwen yon polyo nan dat ou apre katryèm fet nesans yo. Si katriyèm dòz vaksen polyo-a te pran nan dat ou apre katriyèm fèt anivèsè nesans la, yon senkyèm dòz vaksen pa nesesè kòm obligasyon pou antre nan Jaden Danfan. Pou Nivo 1 rive nivo 12: si twazyèm dòz polyo-a te bay nan dat ou apre katriyèm anivèsè nesans la, yon
katriyèm dòz pa egzijib. Dòz final seri polyo-a dwe administre nan dat ou apre katriyèm anivèsè nesans la kelkeswa kantite dòz ki te pran anvan.

4. DTP/DTaP (5 vaksen): si katriyèm dòz DTP/DTaP te pran nan dat ou apre katriyèm anivèsè nesans la, yon senkyèm dòz pa obligatwa. Etidyan nan laj 7 e 12 (anvan 7yèm nivo) kapab konsidere konplete tou le twa dòz yo e evalyasyon Enfimyè Lekòl la pou Depatman Sante ya.

5. Tdap (yon vaksen): Yon dòz Tdap obligatwa pou etidyan kap antre, kap refè ou ki transfere nan nivo 7, 8, 9, 10 e 11 e 12 zyèm ane . Tdap ka administre kelkeswa entèval depi lè dènye vaksen Td yan te pran.

6. Td ou Tdap: Tdap se obligasyon pou nivo 7 – 12. Paj 4 de 4

8. Hib: Kantite dòz Hib varye dapre laj e tip vaksen ki te pran.

9. Varicella (yon vaksen ou prev siyen maladi ya): Varisèl dwe te pran nan dat ou apre premye dat anivèsè pitit la.