En-a-En
Inisyativ Aprantisaj
Dijital
Semès sa-a, Polk County Public Schools lanse you nouvo program enteresan ki va ofri yon ekipman aprantisaj dijital pou chak etidyan nan chak lekòl PCPS!
Konsènan Inisyativ La
En-a-En Inisyativ Aprantisaj Dijital la se yon pati enpòtan nan Plan Estratejik distri eskolè ya pou ofri yon edikasyon kalite elve bay tout etidyan. Projè sa-a reyalize gras ak finansman lokal e federal – enkli Fon Soulajman Dijans Lekòl Elemantè e Segondè (ESSER) e Fon Konektivite Dijans (ECF).
Ofri ekipman bay tout etidyan elaji aprantisaj yo pi lwen limit sal klas yo e ofri pi plis aksè ak resous ki adrese bezwen endividyèl e enterè espesifik yo.
Si chak etidyan gen yon ekipman, sa leve defi pataje ekipman nan lekòl e lakay. Etidyan ap kapab kontinye aprantisaj andeyò jou lekòl regilye e yo pa refrenn nan kontrent fizik yon batiman lekol blok/brik e motye.
Lekòl yo ap kapab voye ekipman yo lakay gradyèlman pandan etidyan ap aprann jan pou pran swen ekipman yo responsabman.
Paran ap resevwa plis enfòmasyon bò kote lekòl pitit yo e PCPS pandan ekipman sa yo ap asiye e voye lakay.

Proteje Ekipman Lekòl ou!
Asirans Domaj Aksidantèl, Pèt e Vol.Reklam Ilimite, Transferabilite Total, san Peyman Anba Davans, e san Frè kache!
- Domaj Aksidantel
- Ekran Krake
- Tranp Likid
- Dife
- Inondasyon
- Pèt/Vòl
Dell Latitude, HP ProBook
$39.00
Reklam Ilimite, San Vesman Anba Davans
Apple iPad
$39.00
Reklam Ilimite, San Vesman Anba Davans
Rele/ K e s y o n :
1-888-978-3515
Pa kouvri akseswa, sof espesifye. Pou pran avantaj opòtinite sa-a, kouvèti dwe achte nan espas 30 jou resepsyon ekipman w nan. kouvèti eksli domaj koni/pèt ki prezan nan moman acha-a.
Pri Reparasyon e Ranplasman Ekipman Koute 2022-2023
Etidyan dwe retounen ekipman mobil distri ya livre yo e tout sa ki mache ak ekipman nan menm kondisyon yo te livre yo a. Tandiske degradasyon e epuizman ki rive nan izaj ap antre nan konsiderasyon, etidyan ki maltrete ekipman ap responsab pou pri reparasyon e ranplasman e ap anba obligasyon finansyè pou lajan sa koute pou repare ou ranplasman ekipman-an.
Tablo Pri Ranplasman anba-a bay lis pi dènye pri reparasyon ki te peye pou diferan ekipman mobil ki itilize nan Lekol Piblik Polk County yo, kòm pati Inisyativ Aprantisaj Dijital. Lis la pa fin konplè nèt, e tout lòt domaj ki pa enkli nan lis anba-a ap evalye e asiye yon pri dapre domaj la.
Pri Reparasyon e Ranplasman Ekipman Koute
Ekipman | Ranplasman Ekipman | Batri | Klavye | Ekran | Kontni Baz | Kaz Prensipal | Kaz Sikui | Ekipman Elektrik
(Charger) |
---|---|---|---|---|---|---|---|---|
PC Laptops | $674.50 | $66.19 | $101.41 | $130.76 | $70.99 | $197.74 | $46.09 | $35.17 |
Ekipman | Ranplasman Ekipman | Batri | Ekran iPad LCD | Nimerizè | Kòd Plòg Sikui(Charger) | Kazye Klavye | Sak Proteksyon(PC and iPad) |
---|---|---|---|---|---|---|---|
iPad | $349.00 | $49.05 | $102.75 | $47.52 | $38.00 | $99.95 | $19.39 |
1:1 Kesyon Souvan Poze (FAQs) pou Fanmi
Etidyan lekòl Elemantè ap resevwa iPads e etidyan lekòl segondè ap resevwa laptops.
- Chaje ekipman-an chak sware.
- Pote ekipman-an lekòl chak jou.
- Suiv Protokòl Izaj Responsab la
Nap viv nan yon tan dijital e pou asire etidyan n yo pare pou mond jodi ya e aprè ya, nou dwe ofri yo aksè konvenyan ak teknoloji e anseye yo fason pou ititlize li nan sekirite e efektivman.
Anseyan ap kapab transfòme enstriksyon sal klas nan itilize zouti dijital pou maksimize aprantisaj e ekipe etidyan avèk leson endividyalize e resous diferansye.
Si etidyan andomaje ou kraze ekipman yo, etidyan yo ap bezwen pataje sa avèk anseyan e/ou administratè rezo-a. Etidyan yo ap siyen pou fè prè yon ekipman.
Sa depan. Frè reparasyon varye selon ekipman-an, selon jan li andomaje e ki nivo reparasyon li bezwen.
Frè ranplasman pou yon laptop se – $674.50 e iPads – $349.00.
Aktyèlman n’ap envestige1:1 asirans pou fanmi.
Etidyan yo ki gen kesyon konsènan ekipman yo ap travay avèk anseyan yo e Administratè Rezo lekòl la.
Non. Anseyan yo ap enstrui sou fason etidyan ap itilize responsabman ekipman yo e apps yo. Wi, sipò familial e aspirasyon toujou apresye.
Anrejistre siyen sou Pòtay Paran pou w wè devwa e nòt pitit ou.
Nou itilize Focus e Schoology kòm mwayen pou pataje aprantisaj etidyan e progrè avèk fanmi.
Kontakte administratè lekòl ou-a pou mande yon opt-out fòm refi. Etidyan w nan ap toujou gen aksè ak yon ekipman pandan li nan lekòl la. Li egzijib pou paran-an dispoze aksè ekipman lakay li pou devwa lekòl yo konplete.
Ekipman Windows yo loke e filtre santralman o nivo distri ya. Logins Etidyan paka pote chanjman nan sistèm aranjman fonksyonman pyès ekipman.
Anrejistre siyen pou Potay Paran pou w wè devwa pitit ou nan Schoology.
Anrejistre siyen pou Pòtay Paran pou w wè nòt pitit ou nan Focus.
Anrejisre siyen pou Pòtay Paran pou w wè nan Schoology kou yo pitit ou genyen. Kontni The “Flight Academy/Start Strong” ap lokalize nan Homeroom klas (Elementè) e nan kou deziye-lekòl nan segondè.
Pri Entènèt Gratis/Redui
Pou maksimize ekipman PCSB, aksè entènèt ka nesesè. Pou plis enfòmasyon sou pri entènèt gratis/redui disponib, tanpri gade lis anba a pou patnè/machann nan kominote ya.
Home – ACP – Universal Service Administrative Company (affordableconnectivity.gov)
Internet Essentials from Comcast
Low-Income Internet Service | Spectrum Internet Assist Program
Affordable Connectivity Program Offer | Frontier
Free Internet for Students: Project 10Million | T-Mobile
Lightspeed Filter
Lekòl Piblik nan Polk County yo enplemante yon filtè, ki se Lightspeed Filter sou tout ekipman etidyan, ki se bank done kontni k-12 anliy ki pi konplè nan endistri ya depi 20 lane nan endeksasyon sou entènèt. Ajan patante Lightspeed yo aktive yon sistèm avanse ki se AI pou bloke otomatikman milyon sit entènèt inapropriye, danjre, riskan sou plan sekirite pou kenbe etidyan e distri w yo sekirize. Sistèm AI entèlijan sa-a balanse aksè e sekirite nan diferansye ant imaj inapropriye, video, jwèt, e sa ki edikasyonèl, tankou jwèt ki gade sou entènèt tankou esports.
Pou asire konfòmite Lwa Entènèt Proteksyon Timoun (CIPA), distri eskolè yo gen obligasyon pou enplemante yon solisyon filtraj entènèt ki bloke materièl sal/obsèn. Avèk bank done konplè, teknoloji AI, e fonksyonalite filtraj puisan sa-a, Lightspeed Filter, se youn nan solisyon pi efektif nan bloke pònografi e kontni danjre, nan ede asire konfòmite CIPA sou chak ekipman etidyan.
Pèsonèl Distri ya siveye tout trafik kap fèt sou entènèt la e founi administratè lekòl yo enfòmasyon konsènan nenpòt izaj entènèt eseye, inapropriye.